tout enstitisyon sosyal ak politik yo komanse nan “lov”, se yon gwoup paran pwoch ki abite nan yon gwoup kay menm kote. Tѐm sa konsidere sѐlman pou fanmi….” Encina. Mapuche yo te fѐ agrikilti ak gadinaj. Yo te plante plizyѐ kategori pwa quinua ak piman epi gadinaj la te baze sou alpaca ak llama. Sosyete sa te gen yon tradisyon ki te fò anpil, fanm yo te travay nan jaden, bwode ak koud rad an lѐn ak an twal tou e anplis yo te fѐ travay menajѐz tou. Gason yo menm yo te antrene kòm solda pou fѐ lagѐ. Pѐp sa te kwѐ nan relijyon yo anpil epi yo te gen gwo respѐ pou sѐvis yo. Yo te fѐ lalwa yo sѐvi yon mach a swiv pou yo viv.