Lautaro se te yon jeni tѐlman li te kreyatif epi li te gen yon imajinasyon militѐ ki te bon anpil. Pedro de Valdivia te deside bay endyen yo yon leson militѐ epi retabli fò Tucapel la, li rasanble yon gwoup solda poul kontinye konkѐt la li pran direksyon chѐn montay Nahelbuta. Se nan ane 1563 yo te kraze fò espanyòl la. Te gen yon gwo batay kote kasik Lautaro te itilize yon estrateji militѐ ki te byen travay ak anpil entѐlijans. Li te atake ak kѐk sòlda epi lòt yo ret dѐyѐ kòm gadyen yap pran fòs pou reprann batay jiskaske li rive bat espanyol yo.