Kote yo te chwazi a te sou bò lwѐs vil Penco. Tout ekspedisyonѐ ak oksilyѐ yo te travay, pou yo konstwi yon gwo baraj ki gen fòm yon mwatye lalin. Li te fѐt ak anpil gwo moso bwa ki te rantre nan te a mwatye. Ak yon gwo pi laj epi ki fon pou ranfose defans li. Aprѐ batay Andalien an, panyòl yo te rete dѐyѐ baraj ke don Pedro de Valdivia te bay lòd konstwi a epi li te sѐvi yo kòm yon boukliye li te pѐmѐt yo atake epi defann. Aprѐ kѐk ane se nan kote sa gouvѐnѐ espanyol la la te dekri kom « pi bon pò endyen yo » yo tap pral konstwi vil Penco.