“Depi an 1544, capitѐn Pastene tap vwayaje nan lanmѐ sid la. Li te nonmen pa Pedro de Valdivia, kapitѐn li ak general lanmѐ. Yon 18 out, pandan li tap gouvѐne bato li ki te rele “san Pedro” li te gen ansanm avѐk li trezorye wa a Jeronimo de Aderete ak sekretѐ a Juan de Cardenas, jou ki te 27 septanm 1544 la yo te wѐ anbouchi Biobio a “ Fernendo Compos Harriet. Ekspedisyon kapitѐn Pastene nan lanmѐ sid lan te pѐmѐt li rekonѐt zòn nou rele uityѐm seksyon jounen jodi a. Rapò li yo te ankouraje Don Pedro de Valdivia poul kontinye konkѐt li a nan sid la. Li te pran a la tѐt yon gwoup solda li te chwazi epi li te arive kanpe nan vale Andalien an nan ane 1550.