Panyòl yo bò kote yo, te gentan santi depi na kòmansman kijan mapuche yo gen fòs ak kouraj pou yo goumen. Men yo te pran plizyѐ dizѐn ane pou reyalize pouvwa imajinasyon yo ak valѐ enѐji yo genyen antan ke konbatan. Nan kanpay li tap mennen nan BIOBIO a se aprѐ anpil gwo batay vyolan li te resi rive nan vale Andalien an. Yon 22 fevriye 1550. Nan dezyѐme jou aprѐ li fin kanpe sou tѐ kote concepción ye jodi a, yon bann endyen anvayi baz español la gen kѐk rakontѐ ki di yo te ka rive nan chif kinz mil yo konsa. Batay la te tѐlman deroule yon mannyѐ sanglan ke Pedro de Valdivia santi li tap pѐdi batay la li deside pran yon dѐnyѐ rekou. Li fòme yon gwoup solda ak pik epi lans, epi sak a fizi yo ap ede yo. Se konsa li te rive gaye endyen yo.