Concepción nan twazyѐm milenѐa. Apati de lane 1950, vin gen anpil endistri kap devope nan concepción, endistri bwa ak lapѐch avѐk anpil aktivite komѐs. Sa vin lakoz vil anpil moun kite andeyò pou yo antre nan vil la. Sa vin oblije gouvѐnman an transfòme concepción de yon capital pwovens a yon capital rejyonal. Nan dezolasyon tranblemann tѐ 1939 ak 1960 yo te kita, soti yon vil modѐn ki depi nan lane 1980 ap ranpli ak gwo edifis ki vin bay vil la yon lòt vizaj. Vil la vin tѐlman gen moun ke yo oblije koupe kѐk wout ki te fѐt pou machin pase yo transfòme yo an pasaj pyeton. Nan kontѐks sa lѐ nou ap gade concepción nan twazyѐm milenѐ a, nou wѐ yon vil ki ap grandi epi ki ranpli ak bѐl amenajman , bѐl koulѐ ki ofri abitan li yo konfò ak rekonfò.