Yo te transfere vil concepción nan vale Mocha. Vale Mocha te sitiye bò BIOBIO a, sou bò nò San Vicente a de leguas edmi epi twa legua Talcahuano ak twa legua Penco tou. Tranbleman tѐ ak sounami ane 1751 an, fѐ tout moun nan Concepcion konsidere seryezman ak posiblite pou deplase vil la sou yon lòt tѐren ki ap ofri yo yon meyѐ pwoteksyon fas ak lòt tranbleman tѐ. Yo te pwopoze plizyѐ lòt kote, gouvѐnѐ epòk la Ortiz de Rozas,te konstate ki divѐjans ki te genyen ant pѐp la, li te deside fѐ yon eleksyon nan Calbida Abierto. Teren yo te chwazi yo se te plѐn Landa, Kolin Parra ak vale Mocha. Popilasyon an te chwazi vale Mocha e se la yo te transfere vil la.